lanmou se lavi(Cover)

lanmou se lavi(Cover)

worship gospel,soft, pad,roots gospel, flute,Slow,Male Voice,Calmness,Mystery,Energetic,Classical

00:00 / 00:00

Your friends are using AiMusic.la to generate music, listen to it! You can also generate your own music!

Lyrics

Dezi kè mwen se adorew Bondye,Dezi kè mwen se leve chak maten,Ak non Ou nan bouch mwen, Papa mwen, BonDye mwen. Anvan solèy leve, nan lespri mwen, Mwen tande vwa Ou k ap rele mwen: “Vini, adore Mwen.”Mwen vin adore w, Papa,Mwen bese kè mwen devan prezans Ou.Mwen onore w, paske Ou sen e Ou fidèl. Mwen glorifye w, paske laglwa se pou Ou sèl.Mwen vin aklame w, Wa ki vivan, Bondye ki pa janm chanje. Dezi kè mwen se mache nan prezans Ou,Pa nan fòm, pa nan tradisyon, men nan verite ak nan lespri.Menm lè van soufrans soufle, menm lè nwaj yo nwa,Kè mwen chante: Ou sen, Ou fidèl, Ou vivan. Mwen tande vwa Ou k ap rele mwen: “Vini, adore Mwen.”Mwen vin adore w, Papa,Mwen bese kè mwen devan prezans Ou.Mwen onore w, paske Ou sen e Ou fidèl. Mwen glorifye w, paske laglwa se pou Ou sèl.Mwen vin aklame w, Wa ki vivan, Bondye ki pa janm chanje. Chak batman kè mwen se yon kantik pou Ou,Chak souf mwen se pafen k ap monte devan twòn Ou.Se pa sèlman lè tout bagay bon mwen adore,Men nan dlo je, nan batay, nan mitan lannwit — mwen di: Alelouya. Mwen tande vwa Ou k ap rele mwen: “Vini, adore Mwen.”Mwen vin adore w, Papa,Mwen bese kè mwen devan prezans Ou.Mwen onore w, paske Ou sen e Ou fidèl. Mwen glorifye w, paske laglwa se pou Ou sèl.Mwen vin aklame w, Wa ki vivan, Bondye ki pa janm chanje. Jezi mwen, pran lavi mwen tankou yon ofrann vivan,Fè panse mwen tounen lapriyè, fè pawòl mwen pote limyè.Kite lanmou Ou boule nanm mwen tankou dife ki pa janm etenn, Pou chak jou lavi mwen tounen yon lotèl adorasyon. Mwen tande vwa Ou k ap rele mwen: “Vini, adore Mwen.”Mwen vin adore w, Papa,Mwen bese kè mwen devan prezans Ou.Mwen onore w, paske Ou sen e Ou fidèl. Mwen glorifye w, paske laglwa se pou Ou sèl.Mwen vin aklame w, Wa ki vivan, Bondye ki pa janm chanje. Paske se Ou ki fòs mwen, se Ou ki souf mwen,Se Ou ki kòmansman ak finisman mwen.E lavi w ki nan mwen ap toujou fèm adore w,Dezi kè mwen ap rete menm jan: adore Ou chak jou. Mwen tande vwa Ou k ap rele mwen: “Vini, adore Mwen.”Mwen vin adore w, Papa,Mwen bese kè mwen devan prezans Ou.Mwen onore w, paske Ou sen e Ou fidèl. Mwen glorifye w, paske laglwa se pou Ou sèl.Mwen vin aklame w, Wa ki vivan, Bondye ki pa janm chanje.