Vini jwenn mwen, ou menm ki fatige,Ou chaje anba c

Vini jwenn mwen, ou menm ki fatige,Ou chaje anba c

roots gospel, Slow,Calmness,Romantic,Energetic,Male ,guitar,cymbalVoice,Classical

00:00 / 00:00

Your friends are using AiMusic.la to generate music, listen to it! You can also generate your own music!

Lyrics

Vini jwenn mwen, ou menm ki fatige,Ou chaje anba chay lavi, ou santi w pèdi.Ou rele Jezi, men fwa ou fèb,Ou vle kwè, men ou gen twòp dout nan kèw. Leve kè w! Respire pwofondman!Jezi di li la. Li pa janm kite w.Depwograme dout yo, depwograme laperèz ouyo,Jezi mandew pou Resevwa fòs pawòl li , resevwa limyè pasyanss li, resevwa lavi li Wap di ou gen lafwa, men lè van souke,Ou chwazi lòt rout, ou panse w pèdi. Ou toujou poze tèt kesyon: Kiyès mwen ye?Ou panse lavi a kont ou, ou di ou pa gen chans.Pa pè, leve tèt ou, kanpe dwat nan lafwa!Chak pawòl negatif ou te pale, chak blokaj ou te mete, Sou tèt ou ak prochenw , Map kraze yo pou ou, depiw pote yo ban mwen. Leve kè w! Respire pwofondman!Jezi di li la. Li pa janm kite w.Depwograme dout yo, depwograme laperèz ouyo,Jezi mandew pou Resevwa fòs pawòl li , resevwa limyè pasyanss li, resevwa lavi li Menm pwofesi malè ki te sou tèt ou map elimine yo,ni move souvni ak move santiman ap tonbe.Depwograme move panse, lage move abitid, lage doub yo. Lè wap mache ak Jezi,Chak souf ou pran, se yon benedikssyon,Chak lapriyè ou fè, se yon pa nan libète. beni tèt ou, beni fwaye w, beni fanmi w, beni zanmi w, beni pwochen w. Chak fwa ou vini, chak fwa ou rele Jezi avèk la fwa,Blokaj ap leve, limyè ap antre, lanmou ap plen kè w.Kanpe, pa vire gade dèyè! Leve kè w! Respire pwofondman!Jezi di li la. Li pa janm kite w.Depwograme dout yo, depwograme laperèz ouyo,Jezi mandew pou Resevwa fòs pawòl li , resevwa limyè pasyanss li, resevwa lavi li Lanmou Jezi ap ranje tout nan kè w,Li ap retire chak chagren, li ap leve chak fado.Fè lafwa w tounen fwa Jezi pouw doute tout dout ou yo, Pa gen anyen ki ka kanpe devan la de Jezi. Vini jan w ye, san mask, san kache,Menm si chemen w long, menm si ou santi w fèb.Chak pawòl negatif ou te di sou lavi w, sou pwochen w, ap sòti. Repo, benediksyon, ak lavi nouvo ap fleri nan ou. Leve kè w! Respire pwofondman!Jezi di li la. Li pa janm kite w.Depwograme dout yo, depwograme laperèz ouyo,Jezi mandew pou Resevwa fòs pawòl li , resevwa limyè pasyanss li, resevwa lavi li