lanmou se lavi

lanmou se lavi

worship gospel,soft, pad,roots gospel, flute,Slow,Male Voice,Calmness,Mystery,Energetic,Classical

00:00 / 00:00

Your friends are using AiMusic.la to generate music, listen to it! You can also generate your own music!

Lyrics

Renmen Bondye ak tout kè ou,Chèche Li chak jou, pale ak Li nan lapriyè.Obeyi pawòl Li, mache nan limyè,Paske Bondye se lanmou. Renmen pwochen ou tankou tèt ou,Fè byen, padone, ede lè ou kapab. sonje byen:Chak fwa Bondye wè lanmou nan yon kè,Li toujou rete bò kote kè sa.Se sèl chemen pou fè kè Bondye kontan:lè yon moun possede lanmou Jezi. Pa rayi, pa fè mal,Simen lapè tout kote ou pase.Gen yon nivo lanmou ki pi wo toujou:Ou renmen pwochen menm lè li prèt pou ale,Menm lè lavi li fèb, espwa sanble fini. Ou kanpe devan Bondye pou li,Ou kriye, ou priye, ou sipliye ak lafwa.Paske lanmou sensè manyen kè Bondye,E pafwa, akoz lanmou ou gen pou yon prochenw,Bondye ka lonje men ba Li,Li ka ogmante jou sou lavi prochenw akoz de wou. sonje byen:Chak fwa Bondye wè lanmou nan yon kè,Li toujou rete bò kote kè sa.Se sèl chemen pou fè kè Bondye kontan:lè yon moun possede lanmou Jezi. Wi, lanmou chase fènwa,Lanmou fè limyè antre kote fènwa tap dirije,Lanmou pote lapè kote laperèz te ye.Sa lanmou pa ka fè —Se bagay ki pa janm egziste. sonje byen:Chak fwa Bondye wè lanmou nan yon kè,Li toujou rete bò kote kè sa.Se sèl chemen pou fè kè Bondye kontan:lè yon moun possede lanmou Jezi. Si ou renmen Bondye vre,Lanmou ap viv nan ou.Si ou renmen moun vre,Ou pote lavi kote lanmò te vle antre. sonje byen:Chak fwa Bondye wè lanmou nan yon kè,Li toujou rete bò kote kè sa.Se sèl chemen pou fè kè Bondye kontan:lè yon moun possede lanmou Jezi. Renmen Bondye.Renmen pwochen.Se chemen lavi. sonje byen:Chak fwa Bondye wè lanmou nan yon kè,Li toujou rete bò kote kè sa.Se sèl chemen pou fè kè Bondye kontan:lè yon moun possede lanmou Jezi.