Lafwa de Jezi, se pa rèv k ap dòmi,se reyal(Cover)
Banjo, nusach,romantic, gospel, flute, shofar , cimbal,,,Male Voice,Calmness,Slow
00:00 / 00:00
Lyrics
O Sakrifis Imòtèl laO, sakrifis imòtèl gòlgota a,mister ki te kache depi fondasyon mond lan, ki te vin bay nesans ak yon bann imòtèl.
kwa a te leve ant syèl ak tè,se pa t sèlman yon kò yo te pann,li te sakrifye vil pou tout pitit li kap gen pou pase sou tè aki te klouré avè L nan plan redanmsyon an.
Lè san an te koule,li te travèse tout epòk,li te site non chak pitit li nan tout jenerasyon ni sa ki fèt ak sa ki potko fèt.E lè pòt kavo a te woule, li pa t woule ak fòs moun,Li pa t woule pou Jezi sèl—li te woule pou chak imòtèlki te mouri sou kwa avèk Li,chak grenn ki te tonbe nan tè apou leve ak nouvo nati.
Kavo a te panse li te genyen,men li te vin tounen matris rezirèksyon.
Lanmo te panse li te fini,men li te siyen pwòp defèt li.O, glwa kwa a!Kot lanmò ak lavi te rankontre,kot jijman ak mizèrikòd te bay lanmem,kot pitit Adan yote reprann idantite yo.
Sa ki te mouri an Kris,pa mouri ankò.Sa ki te antere avè L,leve avè L.Sa ki te pèdi non yo,rekipere non yo nan Liv Lavi a.
O sakrifis imòtèl la,ou te kraze tan,ou te kraze lanmò,ou te louvri chemenpou imòtalite manifeste sou tè a.Tande sa,se pa t yon lanmò òdinè sou kwa a.Se te Bondye ki t ap vide Lavipou rachte lavi.Kwa a pa t yon echèk,se te plan an kache.Kavo a pa t yon prizon,se te yon pasaj.
Lè pòt kavo a te woule,sa pa t yon jès senbolik—se te yon deklarasyon etènèl:lanmò pa gen dènye mo ankò.Li te woule pou chak grenn imòtèlki te idantifye ak Lanmò Li,paske moun ki mouri avèk Lipa ka rete anba tè.
Sa se lwa Wayòm nan:Si ou mouri avèk Grenn nan,ou dwe leve avèk Rekòt la.Si ou antere avèk Wa a,ou dwe leve ak Kouwòn nan.O, sakrifis imòtèl la!E jodi a,sa ki konnen revelasyon sapa mache tankou mòtèl ankò,paske lavi ki te leve nan kavo aap viv anndan yo.Pòt kavo la deja woule.Vwal la deja chire dejaChemen an deja louvri.Imòtalite a deja manifestenan Kris Jezi, Senyè nou an.