O !! ou menm fils de l’aurore, etwal ki t a(Cover)
roots gospel,romantic,spirutual,trumpet, guitar classic,,Calmness,Male Voice,Slow
00:00 / 00:00
Lyrics
O !! ou menm fils de l’aurore, etwal ki t ap briye,Ou te chériben pwotektè, la kay Eloyim Dye Kreyatè a.Men ògèy ou leve, ou tonbe nan fènwa,Epi nati Malen an vin domine kè ou.
Ou vin tounen,Sèpan ansyen an, ki te kache nan jaden Edenn, nan,ou se yon Rizé ou sedwi Èv,E, li pote lanmò nan premye fanmi an.
“Pèp Jezi Kris, Sòti nan Babilòn, vin pran viza pou w antre nan Festen Ayo a, vin pran swen anba ministè Eli, BonDye bay pou tan sa.”
Lè ou vin tounen manti,Ou pale ak kè Èv ak pawòl rize,pouw ka etabli semans ou ki se jalouzi ak mechanste.ki pote non Kayen, pitit pèdisyon an, soti nan Malen an,Rayisman li manifeste nan lanmò frè li Abèl.
“Pèp Jezi Kris, Sòti nan Babilòn, vin pran viza pou w antre nan Festen Ayo a,Rete ak Pawòl la, ki se Mesaj tan la fen an.”
Ou antre nan legliz la,Jezi di, “Youn nan nou se yon dyab,”Epi ou te kache nan non, Jida Iskaryòt,Pitit pèdisyon ki te livre Senyè a nan men mechan yo,Pou Ekriti yo te akonpli jan Pawòl Bondye di.nan legliz la, Satan toujou chita,ap ranpli kè moun, sou fòm zanj limyè ak divizyon.
“Pèp Jezi Kris, Sòti nan Babilòn, vin pran viza pou w antre nan Festen Ayo a,Rete ak Pawòl la, ki se Mesaj tan la fen an.
Nan tan Jezi ,Li envante sinagòg li nan mitan relijyon yo,Twòn li kanpe nan kè pèp li chwazi.menm Nan dezè a, wal teste Bondye ki te pran fòm moun,“Si ou se vrèman pitit Bondye, fè ròch tounen pen…epi... adore m!”Men Jezi, ak pouvwa Sentespri, di w:“Soti la, Satan!
Se Senyè BonDye a sèlman pou yo adore .”
“Pèp Jezi Kris, Sòti nan Babilòn, vin pran viza pou w antre nan Festen Ayo a,Rete ak Pawòl la, ki se Mesaj tan la fen an.
Wi Jezi kontinye di,fo disip yo, k ap sèvi ak non li,Fè mirak, retire nou devan mwen ban ndyab, kè nou pa nan Wayòm
mwen:“ mwen Pat janm konnen nou! Deyò, banm chen!”
“Pèp Jezi Kris, Sòti nan Babilòn, vin pran viza pou w antre nan Festen Ayo a,Rete ak Pawòl la, ki se Mesaj tan la fen an.Jodi a nan dènye lè sa, Bondye leve yon Vwa inik,Pou fè pèp li sòti nan Babilòn, twòn Satan.pou yo antre nan Mesaj la, Pou yo Pa swiv moun ki kontrè ak verite a.
pou yo swiv Ministè profèt Eli kap mennen yo nan nòs la,Se sèl chemen pou antre nan Festen Ayo a,Kote enkredilite pa gen aksè,Kote sèlman moun ki resevwa envitasyon Jezi nan tan,
Kap ka antre.Antre nan Mesaj la.