BonDye Mwen kanpe jodia.Pa poum mande.Pa pou espli

BonDye Mwen kanpe jodia.Pa poum mande.Pa pou espli

worship, spiritual,flute,shofar,roots slow,Male Voice,Male Choir,Calmness,Energetic,Slow

00:00 / 00:00

Your friends are using AiMusic.la to generate music, listen to it! You can also generate your own music!

Lyrics

BonDye Mwen kanpe jodia.Pa poum mande.Pa pou esplike tèt mwen.men Mwen kanpe pouw retire sa ki pa soti nan ou nan mwen. Jezi,Ou konnen sa m pa ka esplike.Ou pa pouse m,Ou pa manipile m,Ou gide m nan limyè. Jezi,Ou pa etranjé pou mwen.Ou se Gran Frè ki te pase nan chemen avèk mwen.Ou se Papa ki kenbe verite a.Ou se Zanmi ki konprann san manipile. Maten sa,mwen pa leve pou m pèfòmé,mwen leve pou m repoze nan verite. Jezi,Ou konnen sa m pa ka esplike yo.Ou pa pouse m,Ou pa manipile m,Ou gide m nan limyè. Retire nan mwen,tout konsèy ki pa soti nan Ou,tout vwa ki fè m pèdi direksyon.Fòme m Ou menm,avan jounen an pale. A midi,lè presyon vin fò,mwen sonje:mwen pa poukont mwen.Gran Frè mwen kanpe avè m.Papa mwen gade pou mwen.Zanmi mwen konprann tout sitiyasyon. Mwen pa negosye ak fènwa.Mwen pa koute manipilasyon.Mwen pran pozisyon mwen nan Kris,paske kote mwen kanpe ase limit tout manti. Men Aswè tonbe.Mwen depoze mask yo.Mwen depoze fado yo. Jezi,Ou pa jije m,Ou pa konfonn mwen,Ou netwaye mwen.Mwen dòmi nan verite Ou,pa nan presyon,pa nan pè,men nan lapèPapa bay pitit li. Jezi,Gran Frè mwen,Papa verite mwen,Zanmi fidèl mwen—fèm pèseveré avè w,jiskaske tout sa ki pa soti nan Bondyekite plas l nan mweni.Jezi,Ou konnen sa m pa ka esplike.Ou pa pouse m,Ou pa manipile m,Ou gide m nan limyè. Jezi,Gran Frè mwen,Papa verite mwen,Zanmi fidèl mwen—fèm pèseveré avè w,jiskaske tout sa ki pa soti nan Bondyekite plas l nan mweni.