Kouwon pikan kraze logey(Cover)

Kouwon pikan kraze logey(Cover)

worship gospel,soft, pad,roots gospel, flute,Slow,Male Voice,Calmness,Mystery,Energetic,Classical

00:00 / 00:00

Your friends are using AiMusic.la to generate music, listen to it! You can also generate your own music!

Lyrics

Li fin pran sentsènn avèk disip yo,Men yo te arete Li tankou yon kriminèl,Baton frape kò li, akizasyon peze tankou wòch,Men kè li rete sen, je li rete klè,Paske verite li pa depann sou moun, men sou desten li. O gad valè san ki koule pou nou!Chak souf li se lavi pou nou,Chak gout san li se pri delivrans nou,Chak blese se chemen pou gueri nou. Lè kouwòn pikan an te antre nan tèt li,Se lògèy mwen li t ap rache,Lè klou yo te pèse men li,Se chenn peche mwen li t ap kraze. Lè yo te pèsé kòt li se lè sa mwen te fèt. O Seyè, fidelité Ou enkonparab !Chak jou Ou prezan, menm lè lapli tonbe,Menm lè fènwa anvayi, ou rete limyè.Ou pa janm chanje, Ou rete menm,Orijinal, pur, san tach, san kondisyon. Nan lanmou ki pa gen limit,Nan verite ki pa ka negosye,Ke nou jwenn kouraj, lapè, ak espwa. Mwen leve vwa mwen,Pou m remèsye Ou, O Papa, O Frè, O Zanmi,Pou fidèlite wou sové fidél,Pou lanmou Ou ki toujou premye, toujou orijinal. Lè kouwòn pikan an te antre nan tèt li,Se lògèy mwen li t ap rache,Lè klou yo te pèse men li,Se chenn peche mwen li t ap kraze. Lè yo te pèsé kòt li se lè sa mwen te fèt. nan gran jou sa…Yo vini ak flanm, ak baton, ak kè mechanste,Yo arete Li tankou yon kriminèl,li pat koupab, men li te chaje ak akizasyon sou dol.Baton frape kò li,Pawòl manti t ap peze sou li,Men Li pa t pale pou defann tèt li,Paske Li te wè mwen… Li te wè ou… Li te wè nou. O gad valè San sakre sa a ki te koule sou tè a !Chak gout se te pri delivrans mwen,Chak blese te louvri pòt lavi pou mwen,Chak soufrans te ekri non mwen nan ti Liv ouvè a. Lè kouwòn pikan an te antre nan tèt li,Se lògèy mwen li t ap rache,Lè klou yo te pèse men li,Se chenn peche mwen li t ap kraze. Lè yo te pèsé kòt li se lè sa mwen te fèt. O Seyè, fidélité Ou enkonparab !Chak jou Ou pote mwen nan gras,Menm lè mwen fèb, Ou rete fò,Menm lè mwen tonbe, men Ou toujou leve mwen. San Ou pale pi fò pase gwo dlo,Li lave, li geri, li bay lavi,E jodi a kè mwen chante ak gwo vwa:Mèsi, O Mouton Bondye, pou lanmou ki pa janm fini.